Ayiti/Konstitisyon: Satisfaksyon Ministè Ayisyen kap viv lòt bò dlo yo
MINISTE AYISYEN K AP VIV LÒTBÒYO (MHAVE)
KOMINIKE POU LAPRÈS
Yon pa historik nan relasyon Ayiti-diaspora
Ministè Ayisyen k ap viv lòtbò yo (MHAVE), ap suiv ak anpil enterè deba ki komanse nan Palman an pou revize konstitisyon 1987 la. Ministè a eksprime satisfaksyon li pou vòt ki fet nan aswè dimanch 8 me a ki elimine yon seri atik ki te sevi baryè pou desandan ayisyen, ak ayisyen ki te pran pran yon lot nasyonalite toujou rete sitwayen ayisyen.
Selon sa ki vote nan palman an, eliminasyon atik, 12.1, 12.2, 13, 14, ak 15, ki te di « doub nasyonalite pa ekziste nan oken ka », ap pèmet koulye a, ayisyen genyen plizyè nasyonalite.
Pou listwa, 84 palmantè te vote anfavè eliminasyon atik sa yo, 2 te kont epi 4 pat ni pou ni kont. Vòt sa a pote repons pou youn nan revandikasyon ki pi enpòtan dyaspora ayisyen ap fè depi lontan. Pami lòt bagay, yon Ayisyen ki gen yon lòt nasyonalite ap ka jwi dwa sivil ak politik li, depi li an règ ak lalwa.
Nivo patisipasyon konpatriyòt k ap viv nan dyaspora a nan zafè politik peyi a, se youn nan tèm depite ak senatè yo pral debat sou li nan jounen lendi 9 me 2011 lan. MHAVE ap fè sonje nan anpil lot peyi dyaspora yo gen dwa genyen reprezantan yo nan palman an oubyen sitwayen ki genyen lòt nasyonalite yo kapab vin kandida pou depite oubyen senatè nan peyi yo. Nan sans sa, MHAVE mande palmantè yo bay dosye sa plis enpòtans, yon fason pou yo ta kore dispozisyon ki nan « lwa sou privilej » pou ayisyen ki gen yon lot nasyonalite ki te vote nan palman an nan dat premye out 2002 a.
MHAVE voye yon gwo kout chapo pou plizyè sektè ki te sipòte refòm konstitisyon an . Gouvènman Preval-Bellerive la te mete kesyon sa nan refòm nan. Anpil oganizasyon nan sosyete sivil la ak medya isit ak lòt bò dlo te apiye l. Òganizasyon nan Dyaspora te fè yon batay manch long kote “Kongrè pou fòtifye Ayiti” (de Chicago) ak mouvman “Bam dwan” (de Miami) te gen yon patisipasyon espesyal. Vòt sa reprezante pou MHAVE yon paj listwa enpòtan nan relayson Ayiti ak pitit li yo k ap viv nan dyaspora a.
Edwin Paraison
Minis